Kwadebosal

Sandy Larose

Illustration du livre : Kwadebosal

Paske, avèk rekèy pwezi li a, Kwadèbosal, Sandy Larose vin ofri nou jodi a, li “louvri yon fenèt sou nanm nou”, tankou ekriven Henri-Robert Durandisse ta di. Paske yon powèt, se yon atis ki ofri limanite vwa li ak tout pwezi li, pou terapi kolektif nou tout bezwen an. Men se pa pou sa sèlman Sandy Larose se yon powèt. Se paske, nan Kwadèbosal, li pa pè pran metafò yo ak senbòl yo, mete yo nan won, fè yo kwaze lewit, pou li trete divès tematik enpòtan li trese youn ak lòt nan yon bèl amoni, tankou lanmou, seksyalite, sitwayennte, konbativite fanm ayisyèn, lang, relijyon, e menm revolisyon.

  • Prix

    14,70 €

  • Date d'expédition estimée

    Dans 2 jours

  • Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) fèt Ayiti nan ane 1953. Li ap viv Kanada depi 1980. Pwofesè syans alaretrèt, li se powèt epi kritik literè. Nan domèn literati, li pibliye plizyè rekèy pwezi tankou Anba Lakay, (Koleksyon Koukouy, 1984). Li pibliye, Zile Nou, (Koleksyon Koukouy, 1995). Nan lane 2000, li pibliye yon esè literè Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (Educa Vision, 2000). Li pibliye Lèt Ife ak Soul (Koleksyon Koukouy, 2006); Lespwa Lanmou, (Koleksyon Koukouy, 2019). Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo Mounn (nan 4 lanng) (Koleksyon Koukouy, 1989), Li Konprann Ekri: Yon Jaden Kreyòl, (Educa Vision, 1995), Filozi Euphémie ak Nicolas (Koleksyon Koukouy, 2023) .

    Voir le profil de Sandy Larose
  • Powèm sila a se yon rivyè lanmou k ap koule nan yon kè ki ranpli ak mounite. Tèks sila a rakonte lanmou m pou peyi m, pou fanm peyi m, pou lanati. Tèks sila a se yon powèm lanmou ki plen ak entrig makònen ak lespwa m pou yon lòt Ayiti. Anvan m al pi lwen kite m raple kisa ki enspire m tèks sila a epi ki rezon ki pouse m chwazi tit sa a. Nan lane 2006, pwofesè Jacques Gourgues nan Fakilte Syans moun nan Inivèsite Leta Ayiti a, nan yon kou filizofi di konsa : « Machann anba lavil nan mache kwadèbosal pi powèt pase anpil powèt an Ayiti ». Jou sa a, anpil etidyan te estomake, genyen ki te move kou kong, genyen tou ki te ri ra gagang. Koze sa a rete epi li domine m pandan plizyè lane. Mwen mande tèt mwen kouman yon somite tankou pwofesè Gourgues rive di yon bagay konsa? Men sa ki plis domine m lan, m di e si li gen rezon : ki avni pwezi ak literati nan peyi d Ayiti ? Koze an pwovokan, li chokan, men li bay plas pou n medite epi chèche konprann pi byen kisa ki pwezi. Lè m pran tan m pou reflechi, pwofesè an ta vle di powèt nou yo pa lib, yo pa konn jwe ak mo, yo manke plimay nan pwezi. M ta di nan fason pa m yo manke pwezoloji. Pwezi an dwe gen pwòp lojik li. Pèsòn pa ka di l powèt si li pa oze kreye yon bagay pèsòn pa ko tande ni wè.

  • Nombre de pages 84
    Langue french
    Type Livre imprimé en niveaux de gris
    Format A4
    Papier Papier standard
    Couverture Couverture souple
    Reliure Dos carré collé
    Lamination Brillant
    ISBN 978-2-9821398-2-4