Kwadebosal
Sandy Larose
Paske, avèk rekèy pwezi li a, Kwadèbosal, Sandy Larose vin ofri nou jodi a, li “louvri yon fenèt sou nanm nou”, tankou ekriven Henri-Robert Durandisse ta di. Paske yon powèt, se yon atis ki ofri limanite vwa li ak tout pwezi li, pou terapi kolektif nou tout bezwen an. Men se pa pou sa sèlman Sandy Larose se yon powèt. Se paske, nan Kwadèbosal, li pa pè pran metafò yo ak senbòl yo, mete yo nan won, fè yo kwaze lewit, pou li trete divès tematik enpòtan li trese youn ak lòt nan yon bèl amoni, tankou lanmou, seksyalite, sitwayennte, konbativite fanm ayisyèn, lang, relijyon, e menm revolisyon.
-
Prix
13,87 €
-
Date d'expédition estimée
Dans 2 jours
Remises sur la quantité :
| Quantité | Remise | Prix par livre |
|---|---|---|
| 25+ | 1% | 13,73 € |
| 50+ | 2% | 13,59 € |
| 100+ | 3% | 13,45 € |
| 250+ | 5% | 13,18 € |
-
Sandy Larose, pwofesè sikoloji sosyal nan Inivèsite Leta Ayiti depi 2013, renmen maryaj lasyans ak literati anpil. Larose gen yon doktora nan sosyoloji nan Inivèsite Laval, de metriz (youn nan istwa ak yon lòt nan devlòpman), li gen yon lisans nan sikoloji. Sòti pou 2015 rive 2018, li te pwofesè envite (Courtesy Faculty) nan University of South Florida. Depi kèk ane, li envante pwezoloji ki se yon nouvo lesprizay ki donnen nan brasaj lasyans, pwezi ak metafizik. Manm Sosyete Koukouy Kanada, Doktè Larose ekri plizyè liv ak atik syantifik nan divès domèn tankou pwezi, rap, idantite, feminis, lamòd elatriye. Li gen yen woman ki pral sòti ki rele Nan Bout Peyi ki rakonte yon listwa imajinè ki pote souf peyi d Ayiti byen wo. Doktè Larose ap travay nan UQAC Campus Sept-Iles.
Voir le profil de Sandy Larose Voir les autres livres de Sandy Larose -
Powèm sila a se yon rivyè lanmou k ap koule nan yon kè ki ranpli ak mounite. Tèks sila a rakonte lanmou m pou peyi m, pou fanm peyi m, pou lanati. Tèks sila a se yon powèm lanmou ki plen ak entrig makònen ak lespwa m pou yon lòt Ayiti. Anvan m al pi lwen kite m raple kisa ki enspire m tèks sila a epi ki rezon ki pouse m chwazi tit sa a. Nan lane 2006, pwofesè Jacques Gourgues nan Fakilte Syans moun nan Inivèsite Leta Ayiti a, nan yon kou filizofi di konsa : « Machann anba lavil nan mache kwadèbosal pi powèt pase anpil powèt an Ayiti ». Jou sa a, anpil etidyan te estomake, genyen ki te move kou kong, genyen tou ki te ri ra gagang. Koze sa a rete epi li domine m pandan plizyè lane. Mwen mande tèt mwen kouman yon somite tankou pwofesè Gourgues rive di yon bagay konsa? Men sa ki plis domine m lan, m di e si li gen rezon : ki avni pwezi ak literati nan peyi d Ayiti ? Koze an pwovokan, li chokan, men li bay plas pou n medite epi chèche konprann pi byen kisa ki pwezi. Lè m pran tan m pou reflechi, pwofesè an ta vle di powèt nou yo pa lib, yo pa konn jwe ak mo, yo manke plimay nan pwezi. M ta di nan fason pa m yo manke pwezoloji. Pwezi an dwe gen pwòp lojik li. Pèsòn pa ka di l powèt si li pa oze kreye yon bagay pèsòn pa ko tande ni wè.
-
Nombre de pages 84 Langue french Type Livre imprimé en niveaux de gris Format A4 Papier Papier standard Couverture Couverture souple Reliure Dos carré collé Lamination Brillant ISBN 978-2-9821398-2-4 -
Le Livre en Papier, c'est aussi :
-
Paiements par carte
Le Livre en Papier vous permet de payer vos commandes par Bancontact, Visa et MasterCard, mais aussi par virement bancaire.
-
Livraison internationale
Le Livre en Papier expédie vos commandes où que vous soyez via les services Bpost.
-
Publication gratuite de vos livres !
Le Livre en Papier vous permet de publier un livre gratuitement, sans surprise ni frais cachés. Cliquez ici pour plus d'informations.
-
Paiements par carte