Drible lavi si w kapab?
Sandy Larose
Jwèt foutbòl la rete yonn nan pi bèl espò kote tout kò fizik ak lespwi kontre pou pote sansasyon nan yon nivo iltim e inik pou flere byennèt lapanse epi manifeste tout maswife santiman lekzistans. Konsa anvan de ekip monte yon teren e menm apre yon rankont, ou kapab manyen sakrifis lanmounite kolektif pwòp chak jwè yo ki brase pou rive rale, depi balon an santre, atansyon chak grenn moun nan yon dyakout grenn satisfaksyon patikilye pou yon wot tansyon elektrize san kontwòl nan yon gòl.
-
Price
12,50 €
-
Estimated shipping date
3 days from now
-
“Pwezigòl”se yon estil pwezi kote mo osinon silab yo pozisyonnen yo an fòmasyon yon ekip foutbòl sou teren papye a. Tit pwezi a se li ki gadyen ekip la, plis dis lòt jwè pou fè yon total onz mo osinon onz silab ki plase nan fòmasyon teknik yon ekip foutbòl. Depandan taktik jwèt la, yon lektè, yon asistan, kapab pote yon jijman estetik nan nivo santiman, enpresyon powèm nan degaje a ak apresyasyon kritik literè. Nou kapab vanse tou ak yon powèm lib ki gen 11 liy tankou 11 jwè nan yon ekip kote jwèt foutbòl lespwi literè a ap twoke son, mo pou demele osinon mangonmen souf pou yon atizay wòdpòt.
-
Page count 111 Language french Type Book printed in grayscale Format A4 Paper Standard paper Cover Soft cover Binding Perfect binding Lamination Glossy ISBN 978-2-9823156-1-7