Alarive Koukouwouj Karant an refleksyon kritik

Sandy Larose

Illustration of the book : Alarive Koukouwouj Karant an refleksyon kritik

Alarive Koukouwouj se yon liv ki rasanble divès tèks mwen te pibliye nan Jounal Haïti En Marche, nan Pawòl Kreyòl: revi Literè Sosyete Koukouy, nan divès Jounal mwen te koloabore yo, epi nan Emisyon radyo Bouyon Rasin sou CHUO-FM 89,1 anndan Université d’Ottawa. Pou mwen fè liv sa a, editè a seleksyone kèk pami atik mwen yo, epi entèvansyon piblik mwen fè sou lanng kreyòl la, sòti nan ane 1984 pou rive nan ane 2024. Objektif la se rive rasanble lide ak konsepsyon Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) sou lanng ak literati kreyòl nan yon liv ki ka disponib sou plizyè platfòm nan lemonn antye. Avan nou ale pi lwen, li enpòtan pou nou konprann metodoloji travay mwen. Mwen fè yon kritik lib, selon yon pwopozisyon Jean-Robert Placide. Sa vle di, yon kritik, kote jeneralman mwen suiv pwòp entuisyon pèsonèl pa mwen. Nan sans sa a, si pou

  • Price

    24,99 €

  • Estimated shipping date

    2 days from now

  • Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) fèt Ayiti nan ane 1953. Li ap viv Kanada depi 1980. Pwofesè syans alaretrèt, li se powèt epi kritik literè. Nan domèn literati, li pibliye plizyè rekèy pwezi tankou Anba Lakay, (Koleksyon Koukouy, 1984). Li pibliye, Zile Nou, (Koleksyon Koukouy, 1995). Nan lane 2000, li pibliye yon esè literè Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (Educa Vision, 2000). Li pibliye Lèt Ife ak Soul (Koleksyon Koukouy, 2006); Lespwa Lanmou, (Koleksyon Koukouy, 2019). Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo Mounn (nan 4 lanng) (Koleksyon Koukouy, 1989), Li Konprann Ekri: Yon Jaden Kreyòl, (Educa Vision, 1995), Filozi Euphémie ak Nicolas (Koleksyon Koukouy, 2023) .

    View the profile of Sandy Larose
  • Nan liv sa a, mwen respekte òtograf Akademi Kreyòl Ayisyen an rekòmande nan dezyèm rezolisyon li te pibliye nan mwa septanm 2023 a. Sepandan, nan sitasyon dirèk yo, mwen respekte òtograf tèks orijinal yo te genyen nan moman otè tèks sa yo te pibliye yo a. Piplis toujou, mwen ap atire atansyon tout moun sou Pingga Sosyete Koukouy konsènan fason AKA ta dwe amilyore pwopozisyon li yo sou òtograf la. Nan divès seksyon ki parèt anndan liv la, nou va remake tout aksyon mwen antreprann pou mwen demontre tout moun, lanng kreyòl la pa gen limit. Limit li, se limit moun ki ap sèvi avèk li yo. Poudayè, nanpwen okenn lanng ki rete epi ki grandi tèt li oswa devlope tèt li san aksyon dirèk sitwayen ki ap sèvi avèk li yo. Anfèt, si pou lanng kreyòl la rive branche nan tout espas lakonesans, dwe genyen yon revèy konsyans total kapital nan mitan moun ki genyen divès konpetans epi nan divès branch. Yotout dwe bay tèt yo wòl mèt mo ak lide pou yo leve tout defi ki vin frape pòt sosyete nou an sou plan lenguistik. Se noutout, kòm mèt mo, ki genyen devwa pou nou fè lanng kreyòl sèvi nou bousòl nan divès aksyon nou ap antreprann. Se kalite ajisman kon sa, ki pral touye tout kalite laperèz ki anpeche nou mennen lanng kreyòl la nan dimansyon, kote li poko rive jounen jodi a. Alaverite, se kalite ajisman avangadis sa yo ki pral kraze prejije, fè enjistis sou baz lanng nou pale a bat an retrèt, epi reveye fyète moun ki genyen lanng kreyòl la kòm sèl grenn resous pou yo kominike anndan peyi a.

  • Page count 262
    Language french
    Type Book printed in grayscale
    Format A4
    Paper Standard paper
    Cover Soft cover
    Binding Perfect binding
    Lamination Glossy
    ISBN 978-2-9821398-8-6