Drible lavi si w kapab?

Sandy Larose

Illustration du livre : Drible lavi si w kapab?

Jwèt foutbòl la rete yonn nan pi bèl espò kote tout kò fizik ak lespwi kontre pou pote sansasyon nan yon nivo iltim e inik pou flere byennèt lapanse epi manifeste tout maswife santiman lekzistans. Konsa anvan de ekip monte yon teren e menm apre yon rankont, ou kapab manyen sakrifis lanmounite kolektif pwòp chak jwè yo ki brase pou rive rale, depi balon an santre, atansyon chak grenn moun nan yon dyakout grenn satisfaksyon patikilye pou yon wot tansyon elektrize san kontwòl nan yon gòl.

  • Prix

    12,50 €

  • Date d'expédition estimée

    Dans 2 jours

  • Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) fèt Ayiti nan ane 1953. Li ap viv Kanada depi 1980. Pwofesè syans alaretrèt, li se powèt epi kritik literè. Nan domèn literati, li pibliye plizyè rekèy pwezi tankou Anba Lakay, (Koleksyon Koukouy, 1984). Li pibliye, Zile Nou, (Koleksyon Koukouy, 1995). Nan lane 2000, li pibliye yon esè literè Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (Educa Vision, 2000). Li pibliye Lèt Ife ak Soul (Koleksyon Koukouy, 2006); Lespwa Lanmou, (Koleksyon Koukouy, 2019). Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo Mounn (nan 4 lanng) (Koleksyon Koukouy, 1989), Li Konprann Ekri: Yon Jaden Kreyòl, (Educa Vision, 1995), Filozi Euphémie ak Nicolas (Koleksyon Koukouy, 2023) .

    Voir le profil de Sandy Larose
  • “Pwezigòl”se yon estil pwezi kote mo osinon silab yo pozisyonnen yo an fòmasyon yon ekip foutbòl sou teren papye a. Tit pwezi a se li ki gadyen ekip la, plis dis lòt jwè pou fè yon total onz mo osinon onz silab ki plase nan fòmasyon teknik yon ekip foutbòl. Depandan taktik jwèt la, yon lektè, yon asistan, kapab pote yon jijman estetik nan nivo santiman, enpresyon powèm nan degaje a ak apresyasyon kritik literè. Nou kapab vanse tou ak yon powèm lib ki gen 11 liy tankou 11 jwè nan yon ekip kote jwèt foutbòl lespwi literè a ap twoke son, mo pou demele osinon mangonmen souf pou yon atizay wòdpòt.

  • Nombre de pages 111
    Langue french
    Type Livre imprimé en niveaux de gris
    Format A4
    Papier Papier standard
    Couverture Couverture souple
    Reliure Dos carré collé
    Lamination Brillant
    ISBN 978-2-9823156-1-7